Pri pwodwi premyè nesesite yo desann nan plizyè mache kominal
1 min read
© 2020 Port-au-Prince Post
Redaksyon
Kontrèman ak sa k ap pase nan gwo makèt nan rejyon metwopolitèn nan, kote anpil pri pwodwi premyè nesesite yo monte oubyen rete jan yo te ye a malgre goud la ap pran valè anfas dola ameriken an, nan mache enfòmèl kominal yo, pri pwodwi premyè nenesite yo bese.

Port-au-Prince Post, nan menm sousi pou ede w konprann varyasyon pri yo sou mache a pou w ka fè meyè chwa nan abitid konsomasyon wou te ale sou teren an ayè ankò.
Nou te pase nan kat mache : mache Dèlma 83, mache Dèlma 40, mache wout Frè ak mache ri Panamerikèn.
Prodwi nou te konsidere yo se aransèl, pwa nwa, mayi moulen ak lwil.
Gade, epi w ap komprann jan pri yo bese nan lari a, kontrèman ak makèt gwo zouzoun yo …

Informer pour Changer