Sun. May 5th, 2024

Port-au-Prince Post

Informer Pour Changer

Pri pwodwi premyè nesesite yo pa chanje nan anpil makèt

2 min read

© 2020 Port-au-Prince Post

Partagez cet article:

Pri

Redaksyon

Nan dat ki te 26 jen 2020, yon (1) dola ameriken te vo 123 goud. Nan dat sa, Port-au-Prince Post te reyalize yon “Panye kay” ak 4 pwodwi sa yo: lèt, pen, dlo ak fwomaj. Fòk nou raple nou fè “Panye kay” la pou ede konsomatè yo gen yon lide sou varyasyon pri pwodwi premyè nesesite yo sou mache a ak sou koub enflasyon an.

2 mwa aprè, gen yon chanjman britsoukou ki opere nan ekonomi nasyonal la : dola ameriken an pèdi valè epi goud la ap ranfòse. Nan yon tiloulout tan, dola pèdi plis pase 40% nan valè li parapò ak goud la. Nan sans sa, jodi 30 septanm lan, yon dola ameriken vo 65 goud sou mache an.

Port-au-Prince Post, nan lide pou eseye gade ki enfliyans pèt valè dola a genyen sou pwodwi Ayisyen plis konsome, fè yon koutje sou menm 4 pwodwi li te konsidere nan mwa jen pase a, nan menm 4 makèt

Advertisement
yo: Stop and Go, Eagle Market, Delimart ak Belmart. Chif yo revele sa k ap pase sou mache chanj lan pa chanje anyen nan pri pwodwi nou chwazi yo.

Galon dlo an, nan 4 makèt nou pase yo, toujou koute menm 150 goud lan oubyen plis. Ti bwat lèt 400 gram lan monte nan plizyè makèt. Konsta klè kou dlo kòk : pri pwodwi yo pa chanje sou mache a, okontrè yo menm ogmante kèk kote. Dola kontinye ap pèdi valè, otorite BRH yo kontinye ap fè enjeksyon dola sou mache a, men lavi an toujou rete chè, swivan done nou rive jwenn nan 4 makèt nou pase yo …


Partagez cet article: