Sat. May 11th, 2024

Port-au-Prince Post

Informer Pour Changer

Rete Lakay ou !

2 min read
Partagez cet article:

Redaksyon

Nou pibliye plizyè atik deja ki montre kijan rete lakay la difisil nan kontèks sosyal ak ekonomik Ayiti a. Lari a se pratikman espas pou moun yo repwodi tèt yo, jwenn kichòy pou kontinye viv chak jou ki jou. Nan yon peyi kote pi gwo pòsyon ekonomi an nan enfòmèl, pa pran lari parèt yon zak touye tèt, yon zak swisidè pou majorite a.

Men, nou pa dwe bay tèt nou manti nonplis ! Lè n konsidere jiskaprezan se 508 tès Laboratwa Nasyonal fè sèlman, li klè peyi a pa nan depistaj masif. Kidonk, pèsonn pa gen yon lide klè sou jan maladi a ap vale teren vrèman. Nan sans sa, dodomeya a plis swisidè toujou. Epitou, li t ap iresponsab pou yon moun jis baze sou vilnerabilite ekonomik majorite a pou w pa ba li konsiy pou li respekte pou evite malè pandye.

Advertisement

Prensip jeneral la klè :”Rete Lakay ou !” Kòm tout règ jeneral toujou mache ak eksepsyon, sizoka ou oblije soti, mache ak kachnen, pa kole sere ak pèsonn (distans sosyal), respekte tout lòt mezi ke Otorite Lasante yo bay yo. Nan yon fanmi ki ap viv nan yon kay, chwazi ki moun ki ap soti pou ijans, yon mannyè pou diminye kantite moun k ap pran lari.

Prensip “Rete Lakay” la se pi bon fason pou evite malè si m te konnen ! Nou oblije raple w li paske wòl nou se asire n ke w toujou la menm apre pandemi malouk sa.

Mèsi paske w ap gade epi pataje video sa !


Partagez cet article: