Sat. Apr 20th, 2024

Port-au-Prince Post

Informer Pour Changer

Lavi a vin pi chè !

2 min read
Partagez cet article:

Redaksyon Port-au-Prince Post

Pouvwa pou moun achte te toujou yon gwo kastèt chinwa nan peyi Dayiti avan dènye kriz sanitè a. Ansanm ak kriz kowonaviris la, sa vin pi mal toujou. Goud la pa sispann pèdi valè, kwasans ekonomik la pa reponn, alòske kwasans demografik la kontinye ap vale teren. Rezilta : plis bouch pou nou bay manje pandan resous Leta a ap vin pi piti epi kantite richès ki pwodwi yo ap vin pi mèg. Enflasyon ap taye banda, defisi bidjetè ap layite kò l, pandan sipò enstans ak peyi etanjè pou apiye bidjè nou pa sispann bese. Se yon ekwasyon ki bay anpil tèt fè mal.

Nan menm lide pou ede w konnen kijan pri yo ye sou mache a, Port-au-Prince Post te mache al achte 4 pwodi nan 4 makèt diferan nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens la. Anvan kowonaviris la, nou te konn kontante nou nan pran pwofòma sèlman. Konnya, nou ale pi lwen. Nou achte nòmalman pou evite tout erè posib.

Advertisement

4 makèt nou te pase achte ladan yo se Delimart (Klèsin), Stop and Go (Klèsin), Belmart (Dèlma) ak Eagle Market (Dèlma).

Pwodi nou achte yo se :

> 1 galon Culligan

> 1 bwat fwonaj Bongù

> 1 sachè pen Karina

> 1 bwat lèt Bongù an poud (400 g)

Founi je gade pou w wè kijan pri yo varye soti nan yon makèt pou rive nan yon lòt.

Nou p ap kanpe nan wout ! Ribrik sa ap rete la chak 2 semenn pou ede w konprann kijan enflasyon an kapab diminye nan pouvwa ou genyen pou w achte byen ak sèvis sou mache a.

Apresye enfografi nou an :

© Port-au-Prince Post

Partagez cet article: