Sat. Apr 27th, 2024

Port-au-Prince Post

Informer Pour Changer

Pri manje nan makèt yo !

2 min read

© Port-au-Prince Post

Partagez cet article:

Nan sousi pou nou te kontinye mete plis fokis sou pandemi kowonaviris la, nou te chwazi kanpe kèk ribrik, pami yo “Panye Kay la”. Jodia, san nou pa di nesesite pou n enfòme w sou kowonaviris la fini, nou panse li nesesè pou nou pa bliye lòt aspè nan vi sosyal, ekonomik ak politik peyi a.

Nan moman kote asistans lajan gouvènman an pwomèt fanmi yo pa depase 3000 goud, li enpòtan pou nou founi je gade pri yo sou mache a, sitou nan yon kontèks kote goud la pa sispann pran kalòt nan men dola a.

Pou jodi 28 avril 2020 an, nou te pase vizite epi verifye pri nan 5 makèt : Eagle Market (Dèlma 83), Big Star Market (Petyonvil), Belmart (Dèlma 46), Olympic Market (Lali) epi Delimart (Klèsin). Nou te founi je gade sou 5 kalite manje : Diri TCS (5 liv), Òtdòg Carisa, espageti ak konflèks bongú epi sik wouj (5 liv).

Sòti nan yon makèt pou rive nan yon lòt, pri yo varye. N ap kite rezon ki eksplike sa yo pou ekonomis ki travay sou estrikti pri. Ribrik sa se je popilasyon an. Li pa fè pri, men li pote sou ekran telefòn ou divès pri makèt yo chwazi fikse yo.

Pandan Ministè Komès te kòmanse yon aktivite verifye pri nan jou ki pase yo, sa n pa tande pale de li ankò depi lè sa a, nou konstate pou menm kalite ak kantite manje yo nan lis nou konsidere pou jodi 28 avril 2020 an, ant makèt ki vann pi chè ak sa ki vann mwen chè a, genyen yon gwo diferans. Si n ap kalkile li nan lòd grandè, lè nou konsidere chif egzak yo, nou ka di makèt ki pi chè a vann 1 fwa edmi pi chè pase sa ki pi bon mache a. Kidonk, nenpòt lajan ki ka ede w achte byen fasil nan youn, fòk ou miltipliye pa 1.5 pou achte menm kantite ak kalite pwovizyon nan lòt la. An prensip, sa n di a valab pou manje nou konsidere yo pou jodia. Pa gen anyen ki di li valab pou tout lòt kalte pwodi, san eksepsyon.

Advertisement

Nou kite chak moun lib pou fè rès konsiderasyon yo. Sa ki enpòtan, ou bezwen chif yo paske se yo menm ki reyalite lavi w, andeyò tout lòt pawòl anlè. Apresye enfografi a :

© Port-au-Prince Post

Partagez cet article: