Wed. Oct 16th, 2024

Port-au-Prince Post

Informer Pour Changer

Kowonaviris: enfografi sou ka konfime Ayiti ak Repiblik Dominikèn

2 min read

© Port-au-Prince Post

Partagez cet article:

Redaksyon an

Si yo rele Covid-19 la “pandemi”, se pa pou san rezon, men se paske li fwape prèske tout peyi sou latè an menm tan. Anreyalite, maladi sa se yon gwo defi pou Limanite an jeneral. Menmsi chak peyi sipoze fè jefò bò kote pa yo pou mennen batay la sou teritwa respektif yo, li klè kou dlo kòk se ansanm ansanm pou chay la leve toutbonvre.

Nan sans sa, yon kout je sou sitiyasyon lòt peyi pa yon move apwòch. Kanta konparezon done menm, se yon aspè enpòtan ki ka pèmèt chak peyi gade kisa pou l fè lakay li pou anpeche pi ta pi tris.

Ayiti ak Repiblik Dominikèn sitiye sou menm zile a. Se yon fwontyè tèrès ki separe yo. Li pa yon pèdi tan si nou raple w genyen anpil Ayisyen ki ap soti lakay vwazen epi rantre Ayiti san nou pa genyen kontwòl yo. Anplis, genyen 4 pwovens dominiken ki bay dirèk dirèk sou fwontyè a ki genyen ka konfime anndan yo. Kidonk, bagay la mande anpil refleksyon, anpil bon desizyon sou baz done ki klè.

Advertisement

Pou nou pa redui Kowonaviris la ak ti bout tè n ap viv ladan l lan sèlman, Port-au-Prince Post envite w, yon fwa ankò, gade enfografi sa ki ba w yon lide sou ansanm ka konfime yo nan peyi Dayiti ak nan peyi Sendomeng.

Enfografi sa konsidere dènye done Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) te pibliye nan jou ki te 12 avril 2020 yo ak done ki pibliye sou sit entènèt Jounalis Dominiken Nuria Piera jodi 14 avril 2020 an, apati enfòmasyon Ministè Sante Piblik Repiblik Dominikèn rann piblik.

Genyen 40 ka ofisyèlman konfime nan peyi Dayiti, alòske Repiblik Dominikèn totalize 3286. N ap pèmèt ou viv repatisyon ka sa yo sou kat Zile a. Apresa, se 425 tès Ayiti fè, pandan Vwazen an gentan sou 7162. Genyen 3 Ayisyen ki fè vwèl pou peyi san chapo pandan 183 Dominiken deja al bwè chat akoz maladi Kowonaviris la.

Founi je gade :

© Port-au-Prince Post

Partagez cet article:

1 thought on “Kowonaviris: enfografi sou ka konfime Ayiti ak Repiblik Dominikèn

  1. Atik sa vrèman enteresan !!! Yo dim gen tès ki fèt pa ajan ministè an !!! Moun ki rantre zòn dajabon yo di’l!!! Sofke sa’m pa konprann Poukisa yo pat met moun sa yo an 15èn !!!! ??

    Lèn konsidere maladi an pran 2 a 14 jou pou montre siy yo lakay moun!!

    M’en atik sa raple nou pil fwontyè nou yo
    Terès yo wi m’en maritim yo tou !!
    Marigo gen anpil Ayisyen ki konn al Dominikani tou,èske gen kontwol ?

    Èske yo arive kontwole zòn yo rele non ofisyèl yo?

Comments are closed.