Sat. May 11th, 2024

Port-au-Prince Post

Informer Pour Changer

Konfinman anba lavil

3 min read

Élie Michel GUERRIER

Partagez cet article:

Elie Michel GUERRIER

Leta peyi Dayiti deklare ijans nasyonal sou tout teritwa a nan lide pou kwape pandemi “KoronaViris”. Bravo mouche leta!

Youn nan mezi ki esansyèl pou konbat viris sila, se redui oubyen evite kontak fizik nan espas piblik yo,sa ki mennen nou dwat nan “Konfinman”. Pa bò isit, nou wèl tankou “Peyi lòk”.Wouy si koze a te gen yon tèm se t ap “yon riyèl, yon baz domino”. Paske jan m ap gade la, ta sanble moun yo kwè Konfinman egal ak pa al lekol osnon pa al travay.

Écoutez l’audio ICI !

Toupatou nan peyi an, y ap ankouraje nou rete lakay nou. Men, konbyen nan nou ki paka ret nan kay la?

Mwen menm, m ta byen swete rete lakay la, men lè w gen yon non m wap rele patwon ou pa fin mèt tèt ou nèt non. Antouka kondisyon yo poko fin reyini pou m ret lakay la, nèg oblije al travay. Travay la ap tann mwen.

Depi l fè 6zè nan maten, mwen mete pyem deyò. Nèg ap sot kafou pou al anba lavil. Se toujou menm ti bis ou konnen yo wi nou oblije pran. Kostime m, m byen kostime, mas pwoteksyon nan vizaj mwen, ti bidon alkòl nan pòch mwen, nou pridan.Adyewidan!

Monchè, kite m di w: Anyen pa chanje non!
Se toujou 5 moun nan ranje ban yo wi zanmi. Menm ti bourara pou pran bis lan wi. Se toujou menm ti dans kole sere a pou chita a wi. W ap toujou jwenn yon grenn ajan maketinn ki p ap pa gen yon nouvo pwodui, epi san mask pwoteksyon wi frèm. Anplis sa, travayè machin nan p ap rate okazyon fouye youn oubyen de grenn moun nan mitan machinn lan, sa w te kwè, riyèl la tap ret vid ou menm?. Epi, blokis la pa chanje non frè m. Ou pata di moun yo pa konn koze konfinman sa. Adye Bondye!

Advertisement

Sou tout wout la, w ap toujou jwenn machann dlo sachè yo e nan bis lan ap gen yon moun ki swaf kanmèm. Sou Pòtay Leyogann, se wololoy, se kòmsi pat gen anyen! Gwo 7è nan maten, machann manje yo pa gen men pou sèvi. Men lajè chodyè aleken an! Epi, mekanisyen, travayè, potè, anplwaye Leta, kèk anplwaye prive ki konn tou pwofite pase mete yon bagay nan bwat yo. Se sou liy wi. Sak vid pa kanpe!

Pou sa ki gen rapò ak pratik ijèn ak mezi pridans yo nan lari an, met absan pou anba lavil pou mwen souple! Lè w jwenn youn oubyen 2 grenn moun ki gen mask pwoteksyon, lè w gade byen wap wè mask lan ap pran kou kèk jou.

Monchè, te m di w: Konfinman an poko reyèl pou kèk nan nou non. Swa paske nou pa kapab, swa paske nou pa konprann gwo bout mo franse sa.

Aaaaaah! Sa m wè pou nou !
Antouka mouche Leta, men boul ou, jwe!


Partagez cet article: