Sat. May 18th, 2024

Port-au-Prince Post

Informer Pour Changer

Vyolans ak Kowonaviris se lèt ak sitwon !

2 min read

Image via Freerange Stock

Partagez cet article:

Redaksyon

Kowonaviris la poze mond lan anpil kesyon. Gwo peyi yo ap goumen kon mèt Janjak pou mete do pandemi an atè, men bagay la pa fasil.

Nan peyi Dayiti, nou dwe konprann nesesite pou n rete responsab nan jere sitiyasyon kriz malouk sa. Menmlè maladi a poko konfime lakay nou, men nou konnen sa ka rive nan nenpòt ki moman.

Fas ak zak entolerans pwofesè Nelson Bellamy sibi ayè a, Port-au-Prince Post panse li enpòtan anpil pou li mete pye l atè pi plis toujou nan kanpay sansibilizasyon kont vyolans nan kesyon Kowonaviris la.

Lè yon moun ap touse, lè li gen lafyèv, sa pa vle di moun sa gen kowonaviris. Se sèl egzamen Laboratwa Nasyonal ki ka konfime èske se kowonaviris. E menm lè tès la konfime se kowonaviris, gen yon jan pou n konpòte nou nan respè pou lavi nou ak lavi malad la.

Advertisement

Se vre depi 23 Janvye 2020, Port-au-Prince Post te deside bay dosye sa priyorite, men jodia, li klè kou dlo kòk travay la poko prèt pou l fini, paske move konpòtman anvè moun ki prezante sentom maladi a pi danjere toujou pase maladi a li menm.

Ann fè prevansyon ! Men, ann rete toleran ! Ann pa pèdi imanite nou kòm pèp ! Ann pa sispann kwè nan solidarite ak lanmou !

Nan moman difisil sa a, ann aprann pi responsab pase anvan! Mèsi paske w ap li, aplike epi pataje ansanm konsèy sa yo pou bay vyolans katon wouj nan moman kriz sanitè mondyal sa a.

© Port-au-Prince Post

Partagez cet article: