Tue. Apr 30th, 2024

Port-au-Prince Post

Informer Pour Changer

Nimewo pou w rele si w santi sentom ki sanble ak kowonaviris

1 min read
Partagez cet article:

Redaksyon

Port-au-Prince Post te poze kesyon sou nimewo telefòn pou moun rele nan peyi Dayiti sizoka li santi sentom ki sanble ak pa kowonaviris la. Nan bouske enfòmasyon pou wou, nou rive jwenn ke gen yon nimewo ki la pou sa : (+509) 4343 3333.

Nou te eseye rele nan nimewo a. Li mache. Men, malerezman, apèl la peye. Nou panse se yon pwoblèm ki merite rezoud nan kad jesyon ijans kowonaviris la. Dwe genyen yon nimewo ijans ki aksesib epi apèl sou nimewo a pa dwe faktire, nan sousi pou fasilite tout moun rele.

Nou te poze tout kesyon w ap chache repons pou yo yo : espas pou mete moun an karantèn, lopital espesyal, lojistik Leta kòmande elatriye. Okenn kesyon nou yo pa t jwenn repons.

Advertisement

N ap kontinye chache enfòmasyon pou wou toujou paske moman an se moman pou nou byen enfòme, san alame, nan sousi pou nou jere pwoblèm kowonaviris la ansanm, san polemik initil, san voye monte ki pa nesesè.

Port-au-Prince Post pwomèt ou pou l pa lage dosye kowonaviris la yon may, nan sousi pou otorite yo pa fè neglijans epi pou sosyete nou an pi byen prepare nan tout sans pou tout sitiyasyon ki kapab rive pi devan.

Apresye enfografi nou an :

© Port-au-Prince Post

Pou rapèl, me sentom maladi kowonaviris la :

© Port-au-Prince Post

Partagez cet article:

2 thoughts on “Nimewo pou w rele si w santi sentom ki sanble ak kowonaviris

  1. E le moun nan fin rele ,nou remake li gen sentom koronaviris LA?nan moman la avec pousye zone LAkay mw, gen Yon fot syndrome grippal.

Comments are closed.