Pawòl paw sou «Panye Kay la»
1 min read
Image: Thepatientsoutcomesblog
Redaksyon
Depi plis pase yon mwa, “Port-au-Prince Post” toujou pibliye pri manje ak lòt pwodwi premyè nesesite nan makèt ak nan mache kominal yo. Sa pa gen lontan depi nou pran desizyon pou n pibliye ribrik annapre sa yon fwa chak semèn sa, kontrèman a jan nou te konn fè l avan an (2 fwa chak semèn).
Nou pa chwazi fè anyen san lektèz ak lektè Port-au-Prince Post yo. Port-au-Prince Post ap rete yon jounal patisipatif, yon jounal ki mete lektèz ak lektè yo nan sant tout sa n ap fè. Se pou sa nou envite w reponn kesyon sa yo pou ede nou amelyore travay la, pou ede nou rann travay la pi djanm, pi solid.
Mèsi paske w ap reponn 4 kesyon sa yo ki nan fòmilè sa a lè w fin klike sou bouton wouj sa ki make “AVI PIBLIK” la.


Informer pour Changer