Sun. May 12th, 2024

Port-au-Prince Post

Informer Pour Changer

Yon kout je sou 4 nouvo pwodwi

2 min read

Image: Quickbooks.Intuit

Partagez cet article:

Redaksyon

Pou semèn sa, jan nou te anonse sa, nou fè plizyè chanjman nan ribrik annapre sa anndan jounal la. Nou deside fè li an kreyòl nètalkole menm jan nou deside vini pi pre lektèz ak lektè nou yo kote nou envite yo pwopoze ki prodwi, ki mache ak ki makèt yo swete nou chwazi. Ribrik annapre sa, ki ap pibliye anndan ribrik Ekonomi an, ap parèt chak mèkredi. Nan ribrik annapre sa, n ap toujou konsidere pwodwi premye nesesite yo, ki kòmanse nan sa moun manje pou rive nan lòt pwodwi moun bezwen pou pran swen tèt yo.

Sa gen yon mwa depi nou pran angajman pou nou enfòme ou sou pri mache yo. Pou nou ede w konprann kòman pri yo ka varye sou mache a, de yon zòn a yon lòt, pou nou ede w wè sa ki rele enflasyon, ki depase 20% nan peyi a, daprè dènye done Bank santral yo. Nan Port-au-Prince Post, nou kwè li enpòtan pou sitwayèn ak sitwayen yo gen yon meyè konpòtman nan abitid konsomasyon yo, nan fason ak kote y ap achte.

Advertisement

Pou jodia, nou pran kat makèt nan rejyon metwopolitèn nan avèk 4 pwodwi moun bezwen pou lòt itilite ki pa manje. Makèt sa yo se Eagle, Belmart, Giant ak Big Star. 4 pwodwi yo se savon, pat, papye ijenik ak kotèks.

Enfografi an:

© Port-au-Prince Post

Partagez cet article: