Wed. Oct 16th, 2024

Port-au-Prince Post

Informer Pour Changer

Kisa pou n fè pou n pa ni pran ni bay KOWONAVIRIS

2 min read

Image: Freelancer Team/Pappost

Partagez cet article:

Soti fen desanm 2019 pou rive nan mwa mas 2020, se plis pase 100 000 moun ki te rive enfekte nan kat kwen mond lan ak maladi Kowonaviris la (COVID-19). Pandan genyen plis pase 50 000 moun ki rive ranpòte laviktwa sou maladi a, ki soti lopital byen gaya, malerezman se plis pase 3500 moun ki rive fè wout pou peyi san chapo paske maladi a mete do sistèm iminitè yo atè plat.

Tan ap pase, anpil sant rechèch ap pouse travay laboratwa yo, yon mannyè pou rive jwenn yon trètman definitif pou moun ki malad yo ansanm ak yon vaksen pou anpeche moun enfekte ak Covid-19 la. Se vre, gen anpil lespwa, dapre sa gwo syantifik nan plizyè peyi deklare. Gen anpil pis yo kontinye ap bouske epi menm genyen syantifik kèk peyi ki kase randevou ak nou pou mwa avril, kòmkidire viktwa nou sou kowonaviris la t ava pi pre ke l pi lwen.

Men, nou p ap bay tèt nou manti! Malgre tout lespwa sa yo, se mèt kò ki veye kò! Sitou nan yon peyi tankou Ayiti kote sistèm laswenyay la te deja nan lagraba, se prevansyon ki pi gwo zam ki ka anpeche pi ta pi tris. Se nan sans sa, Port-au-Prince Post ki se premye medya nan peyi Dayiti ki te kòmanse alète tout moun sou maladi Kowonaviris la ap pataje ansanm ak ou yon videyo an kreyòl ki rezime ansanm mezi ke w dwe pran, ak konpòtman ke w dwe adopte pou w anpeche pran oswa bay maladi malè pandye sa ki rele Covid-19 la.

Advertisement

Pran tan w pou w gade video a. Kòm se yon obligasyon pou youn veye sou lòt, pa kite mesaj la pou wou sèl. Lè w fin gade video a, pataje li pou li rive pi lwen, yon mannyè pou nou sove lavi tout frè nou yo ak tout sè nou yo.

Mèsi paske w ap apresye videyo a.


Partagez cet article: